therapist

-
en
Stephanie Deltor
Mental Health Counselor
Ede ou wè ou ak renmen moun nan ou wè
Personal Approach
Apwòch teyorik Stephanie varye paske li kwè ke chak moun gen bezwen diferan. Li itilize plizyè metòd tretman tankou: tèrapi ki baze sou konpòtman ou, tèrapi ki baze sou bezwen pèsonel ou, tèrapi sikoanalojik, tèrapi ki pèmèt kliyan vin moun li ye a paske li vle pi bon rezilta pou chak moun. Stephanie panse ke kilti, relijyon, ak kwayans jwe you wòl enpòtan nan lavi chak moun, se sak fè li itilize sa yo nan travay li. Li ede kliyan li yo konprann tèt yo pi byen epi konprann lòt moun. Li ede yo panse yon lòt jan pou yo atenn objektif yo. Li epi ede yo chanje fason yo panse, jan yo konpòte yo, epi abitid yo.
Professional Background
Stephanie gen eksperyans nan ede moun ki ap travese moman difisil nan lavi yo. Li gen eksperyans tou nan terapi an gwoup ak moun ki bezwen tretman pandan lontan tankou: moun ki sibi chòk, moun kap viv nan lari, moun ki fe depresyon, moun ki gen anksyete/ gwo enkyetid, moun ki gen adiksyon, moun ki gen pwoblem mantal, moun ki gen pwoblem ak pesonalite, ak moun ki pa ka kontwole emosyon yo. Li espesyalizel nan ede moun kwè nan tet yo, li ede yo nan devlopman relasyon ak tèt yo epi ak lòt moun, nan ede moun ki tromatize, nan ede moun jere stres lavi a. Stephanie kreye you objektif ak kliyan li yo epi li fe tout sa ki posib pou li ede yo reyalize yo.
Languages Spoken
English, Kreole
